Nan lide pou pwoteje popilasyon an lè gen yon epidemi oubyen yon pandemi, administrasyon Moise/Jouthe la sòti yon dekrè ki pote dat 21 me 2020 an nan jounal ofisyèl peyi a ki se Monitè. Dokiman sa gen 8 paj ak 27 atik ki fikse règ jwèt la. Nou deside prezante w yon ti rezime nan kèk atik sa yo:
Atik 3: Tout chofè machin oubyen lòt mwayen transpò dwe dezenfekte yo pou pi piti yon fwa pa jou. Fòk moun ka pran lè alèz lè yo andedan yo. Yon chofè ki pa respekte règ sa ka peye yon amand 3000 goud, li ka pran 5 jou prizon oubyen li ka fè 15 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 4: Chofè machin oubyen lòt mwayen transpò yo dwe veye si pasaje yo respekte tout mezi lapwòpte yo, 3 pa distans nan mitan chak moun, epi yon mwayen pwoteksyon ki kouvri bouch ak nen pasaje yo. Si mezi sa yo pa respekte chofè a ap nan kontravansyon ak atik 3 a.
Atik 6: Leta entèdi nan tout peyi a, reyinyon, rasanbleman ak foul ki gen plis pase 5 moun ansanm nan yon kote fèmen oubyen nan yon lye piblik. Moun ki pa respekte règ sa ka peye yon amand 3000 goud, li ka pran 5 jou prizon oubyen li ka fè 15 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 7: Leta entèdi pou konsève kadav moun ki te mouri nan epidemi/pandemi an. Depi moun lan mouri nan maladi a, oubyen gen dout se nan maladi sa li mouri, se otorite lasante yo k ap pran swen l pou yo antere l, pa gen koze fè twalè mò a. Moun ki pa respekte règ sa ka paye yon amand 3000 goud, li ka pran 5 jou prizon oubyen li ka fè 15 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 8: Tout moun k ap pran lari dwe mete yon mas (kachnen) oubyen yon lòt mwayen pwoteksyon ki kouvri bouch ak nen yo. Egzijans sa valab andedan biznis yo, nan bwat leta yo, andedan konpayi prive yo, sou plas piblik ak lòt kote ki resevwa moun. Moun ki pa respekte règ sa ka peye yon amand 3000 goud, li ka pran 5 jou prizon oubyen li ka fè 15 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Mezi sa pa pou timoun ki gen pi piti ke 5 lane, moun ki gen difikilte pou respire oubyen moun ki ka pwouve yo gen gwo anpechman pou yo mete mas (kachnen).
Mas la (oubyen lòt mwayen pwoteksyon ki kouvri bouch ak nen) pa dwe kache tout nen’w, fòk je w, zòrèy ou ak fon w parèt byen. Se pa kagoul ou dwe mete epi ou dwe retire pwoteksyon an si otorite yo mande w pou w idantifye w.
Responsab biznis yo ak bwat leta yo, moun k ap siveye kote popilasyon an ap frekante yo dwe kontwole si règleman sa aplike, sinon y ap peye yon amand 3000 goud, y ap pran 5 jou prizon, oubyen fè 15 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 9: Gen kouvrefe soti 8 è nan aswè pou rive 5 è nan maten lè gen epidemi/pandemi. Moun ki pa respekete kouvrefe a ka peye yon amand 3000 goud, li ka pran 5 jou prizon oubyen li oubyen fè 15 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik sa pa konsène jounalis, polisye, moun k ap travay nan lopital, ponpye, moun k ap travay nan anbilans yo, ni pwofesyonèl oubyen moun ki gen yon otorizasyon espesyal. Tout moun k ap sèvi ak fo kat pou fè tèt yo pase pou kategori pwofesyonèl ki sot site la yo ap pran gwo pinisyon.
Atik 10: Polisye (ajan sekirite piblik) ki pa an sèvis dwe respekte kouvrefe a, sinon y ap peye yon amand 5000 goud, y ap pran 10 jou prizon oubyen li oubyen fè 30 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 11: Yon polisye (ajan sekirite piblik) k ap kontwole idantite moun dwe gen mas (kachnen) oubyen yon lòt mwayen pwoteksyon ki kouvri bouch ak nen epi li dwe kanpe a 1 mèt distans. Sinon l ap peye yon amand 5000 goud, l ap pran 10 jou prizon oubyen l ap fè 30 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 12: Depi w te an kontak ak yon moun ki gen maladi a, ou dwe mete tèt ou ankarantè oubyen al fè tès nan Ministè Sante (MSPP) nan yon delè ki pa depase 2 jou, epi respekte tout konsiy lasante yo.
Atik 13: Ou pa gen dwa fawouche, ni blaze ni eseye fè moun ki gen maladi a wont, sinon w ap pran nan kontravansyon ak lalwa.
Atik 14: Ou pa gen dwa pran foto ni videyo yon moun ki pran maladi a pandan yon epidemi/pandemi. Sinon ou ka peye yon amand 10 000 goud, ou ka pran 15 jou prizon oubyen fè 30 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 15: Si w poste sou rezo sosyal yo yon foto oubyen yon video kadav yon moun ki te viktim nan epidemi/pandemic an, ou ka peye yon amand 20 000 goud, ou ka pran 15 jou prizon oubyen ou ka fè 30 jou ap travay pou kominote a selon sa meri nan zòn li an deside.
Atik 16: Li entèdi pou nou pibliye rezilta tès yon malad san otorizasyon l.
Atik 17: Li entèdi pou yon malad epidemi/pandemi an pran lari san otorizasyon espesyal, sof si li pral lopital.
Atik 18: Tout moun ki trape epidemi/pandemi an epi ki deside fè ekspre bay lòt moun li ka peye yon amand 25 000 goud ak epi li ka pran lòt sanksyon.
Atik 19: Li entèdi pou nou derespekte doktè yo, enfimyè yo, oksilyè yo ak lot moun k ap travay lopital ki la pou pran swen viktim pandemi/epidemi yo.
Telechaje epi li tout dekrè a an fransè: Moniteur 21 Mai 2020
Foto: Ministè Enteryè