Daprè yon nòt pou laprès Ministè Sante Piblik sòti sou paj Facebook li ak Twitter, otorite lasante yo sinyale yon 4e moun ki mouri anba maladi Covid-19 la jodi madi 21 avril 2020 an. Moun ki mouri a se yon mesye ki gen 40 lane, li te fè tansyon, aprè li te gen vomisman, fyèv ak difikilte pou l respire.
Na yon lòt nòt pou laprès ki pote menm dat la, MSPP fè konnen gen 2 moun ki te enfekte ki rive geri. Men ministè a pa bay detay sou 2 ka gerizon sa yo. Nap raple se premye fwa anons gerizon fèt depi lè pandemi kowonaviris la ateri an Ayiti sa gen plis pase yon mwa.
Pou dènye evalyasyon ki fè sou kowonaviris sou ti bout tè Kiskeya a (mizajou 20 avril 2020), gen 642 ka sispèk, 58 ka konfime, 52 ka atif, 1 nouvo ka, 4 moun mouri epi 2 moun geri.
Sous: MSPP