Mèsi paske ou deside fè ti Tès Kowonaviris la poukò w! Covtest se yon similasyon ki paka ranplase rekòmandasyon yon doktè oubyen yon espesyalis lasante. Pa bliye zouti se yon lòt fòm sansibilizasyon kont kowonaviris la.
1. Nan ki tranch laj ou ye?
2. Eske w te an kontak ak yon ka sispèk? Eske ou te vwayaje pandan 4 dènye semèn ki sot pase yo?
3. Eske ou santi gwo lafyèv frison, wap bay anpil swe pandan plis pase 2 jou?
4. Dènye jou sa yo èske w touse anpil, oubyen tous la vinn pi a cheval sou ou? Eske w gen rim ki paka koule? Nen w bouche?
5. Dènye jou sa yo èske w komanse ap pèdi gou bouch ou, oubyen ou paka byen pran sant (odè)?
6. Dènye jou sa yo èske w santi ou paka byen pran souf lè wap pale oubyen lèw fè yon ti efò?
7. Dènye jou sa yo èske w santi lestomak ou ap fè w mal? Epi w paka respire byen, ou santi wap toufe?
8. Dènye jou sa yo èske w santi kòw kraze anpil, tout zo w ap fè w mal?
10. Eske w gen dyare pandan 2 jou ki sot pase yo? Oubyen èske ou santi poupou a mou pandan 3 dènye fwa ou sot nan twalèt yo?
11. Eske w santi w fatige anpil anpil epi li fè w fè jounen an kouche?
12. Eske w pèdi apeti depi plizyè jou, ou santi menm dlo ou pa anvi bwè?
13. Eske w malad nan youn nan pati sa yo?
14. Eske ou gen youn nan maladi sa yo?