Madi 28 jiyè pase a, Direktè Jeneral Laboratwa Nasyonal la nan Ministè Sante Piblik, Dr Jacques Boncy te pwofite fè pwen sou sitiyasyon pandemi an nan peyi Dayiti. Anviwon 4 mwa aprè dyagnostik 2 premye ka yo te anrejistre, aktivite fè tès yo nan laboratwa nasyonal sante piblik prale nan sans yon menas ki toujou kenbe malgre yon bès pwogresiv nan kad pwopagrasyon viris la.
Depi kòmansman pandemi an, laboratwa nasyonal sante piblik la reyalize pou kont li 12.000 tès ak plis pase 7.000 moun nan yo te teste pozitif nan Covid-19 la. Nan deba ki te pwovoke sou kesyon tès la nan peyi Dayiti, laboratwa nasyonal te fè konnen Ayiti pap ka teste tout popilasyon an ankò mwens pou gen yon lide egzat nan sa ki gen pou wè ak moun ki enfekte. Tès sila yo sèvi pou suiv evolisyon pandemi an nan tan epi pran desizyon ki enpoze yo.
Dènye jou sa yo, chif yo evidan yo tonbe nan sa ki gen pou wè ak moun ki pozitif nan Kowonaviris la rive 18 % men se yon danje pou tire yon konklizyon bridsoukou paske viris la toujou la daprè Dr Jacques Boncy ki se manm Selil Syantifik Jesyon Kriz Kovid19 la nan peyi Dayiti. Pou chita analiz li a, direktè jeneral nasyonal sante piblik la pran kèk peyi tankou Litali ak Etazini nan yon Eta tankou Nouyòk.
“Litali ak Eta Nouyòk te frape anpil nan pandemi Kowonaviris la aprè vin gen yon kalmi. Pou evalye ris ak pran bon desizyon otorite sanitè konsène yo te reyalize tès serolojik pou gen yon lide sou seroprevalans sa vle di pousantaj moun ki relativman pwoteje kont viris la. Sèlman 25 % popilasyon yo te devlope antikò nou kapab di nan yon lòt sans 75 % popilasyon yo ta trape viris la“, daprè sa Dr Jacques Boncy ki se Pwofesè nan Inivèsitè Leta Ayiti a di.
Toujou nan menm liy sila, doktè Boncy raple jiska fen mwa avril epi pou kòmansman mwa me, sikilasyon viris lan te lan opwen kèk moun te mande si maladi a reyèlman an Ayiti. Answit, daprè Dr Boncy, peyi a te konnen pik li.
Yon lòt bò, Dr Boncy presize anyen pa chanje nan politik testing lan okontrè sa desantralize. Pou koulye a, moun ka teste nan Kowonaviris nan kèk depatman tankou nan Nò, Sant ak Sid. Kèk estrikti ospitalye ki resevwa anpil pasyan kouwè Sainte-Boniface ak St-Damien ka reyalize tès Kowonaviris. Sipò Sant yo tankou GHESKIO ak Zanmi Lasante nan Fwontyè a te ranfose.
“Lwès rete depatman kote ki reyalize pi plis kantite tès swa 65% total tès ki fèt yo. Anplis, aprè Lwès gen depatman Nò. Fwontyè a rete toujou yon menas akòz yon kantite konsiderab nan ka pozitif yo te dyagnostik nan kèk pwen kontwòl nan Fwontyè Ayisyano-Dominiken an. Daprè doktè Boncy, Ayiti rive jiskaprezan pran bon desizyon yo ak limite dega yo sepandan sikilasyon lan viris la pa egal ak disparisyon l. Popilasyon an dwe rete sou gad li“, se konsèy Doktè Jacques Boncy.