Plis pase 100 000 moun gentan mouri nan nan mond lan anba pandemi kowonaviris la. Pou jodi vandredi 10 avril 2020 a 5 kè nan aprèmidi, bilan an monte a 102 195 moun ki gentan ale nan peyi san chapo, 1 687 643 moun nan mond lan gentan trape viris la, pami yo 375 221 jwenn gerizon yo.
Pou menm dat sa epi menm lè a, peyi Etazini toujou nan tèt lis peyi ki gen plis moun ki enfekte avèk 495 536 ka konfi, Espay swiv li avèk 157 053 ka konfime, itali an 3e pozisyon avèk 147,577 ka, Lafrans an 4e pozisyon avèk 124 869 ka epi Lalmay an 5e pozisyon avèk 121 045 enfekte.
Men si nap pran peyi ki gen plis moun ki mouri nan pandemi sa se Itali ki an premye ak 18 849 moun ki mouri, 2e se Etazini avèk 18 427, peyi Espay an 3e avèk 15 970 mò, Lafrans 4e ak 13 197 epi peyi Angletè an 5e pozisyon ak 8 958.
Ewòp la se kontinan ki pi touche ak kowonaviris la avèk plis pase 70 000 moun ki mouri.