Nan avi nimewo 30 lan ki pote dat 29 avril 2020, Ministè Sante Piblik la anonse yon 7e ka lanmò nan kowonaviris an Ayiti. Moun sa mouri nan komin Dèlma vè 8 tè nan aswè nan menm jou nou sot site a.
Se yon ti jen gason ki te gen 20 lane sèlman ki t ap pran swen nan yon sant Covid-19 nan depatman Lwès. Kòm sentom li t ap krache san, li te gen fyèv, li t ap touse sèk, li te gen pwoblèm nan kè epi pwa kò l te twòp pou li. Tout bagay sa yo te vinn konplike maladi viktim lan.
Pou jodi 29 avril la, Ayiti konte 810 ka sispèk, 76 ka konfime, 61 ka aktif, 8 moun geri epi 7 moun mouri.