Pou w evite pran nan kowonaviris ak lòt jèm malady ki ka mete lavi w an danje, li rekòmande nan moman an pou w lave men w detanzantan, evite bay moun lamen, touse epi estènen nan koud ou, pa manyen okenn pati nan vizaj ou si men w pa dezenfekte. Men tout prevansyon say o initil si nou pa pwòpte telefòn yo ki toujou sou nou tout kote nou pase.
Selon kèk chèchè nan peyi Lafrans, telefòn yo kenbe 500 fwa plis mikwòb ke yon kouvèti twalèt ijenik. Menm si w lave men w toutan, ou swiv tout konsèy lasante yo, depi telefòn lan pa dezenfekte se lave men siye atè.

Meyè fason pou w netwaye telefòn yo selon espesyalis yo se fèmen l epi dekonekte aparèy la si l te nan chaj. Pran yon ti twal ki pwòp oubyen yon ti moso koton, tranpe l nan alkòl 70 degre epi pase l sou ekran an ak do telefòn lan, sa vle di pati plat yo. Men atansyon, likid la pa dwe ap koule pou l pase nan fant aparèy la pou l antre andedan l, sinon lap gate. Lè w fin tranpe koton (twal pwòp) an nan alkòl la, toujou pran swen pou w byen prije l.
Kòm pwodwi ki rele alkòl la ra anpil nan peryòd pandemic kowonaviris la, lòt solisyon ki pi fasil la se tranpe yon moso twal pwòp (koton) nan yon dlo ki kimen ak fab oubyen savon, tòde l epi pran san w pou w byen pase l sou telefòn lan. Apre sa rense twal la oubyen tranpe yon lòt ti moso koton nan dlo pwòp pou w repase l sou aparèy la. Nan metòd sa tou likid la pa dwe ap koule nan kwen telefòn lan sinon lap gate l.
Lè wap dezenfekte yon telefòn fòk ou fè sa rapid paske yo pat voye pou yo an kontak ak okenn likid, sof kèk modèl.