• Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak
Wednesday, March 29, 2023
Enfo sou Kowona
No Result
View All Result
  • Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak
  • Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak
No Result
View All Result
Enfo sou Kowona
No Result
View All Result

Lit ak prevansyon Kowonaviris an Ayiti : Anviwon 72 resèt tradisyonèl te itilize nan peyi a

admin by admin
04/08/20
in Blog
137
0
Lit ak prevansyon Kowonaviris an Ayiti : Anviwon 72 resèt tradisyonèl te itilize nan peyi a

Yon jiri ki sanble epi evalye remèd tradisyonèl yo kite itilize nan lide pou fè fas ak Kovid-19 la nan peyi a kanpe ak èd Konsèy Egzekitif Inivèsitè Leta Ayiti a.

Jiri pou sanble ak evalye remèd tradisyonèl yo ki te itilize nan lide pou kwape Kowonaviris la nan peyi Dayiti a te prezante rapò travay li jedi 30 jiyè 2020 pase a. Jiri sila te gen nan konpozisyon l Pwofesè Audalbert Bien-Aimé, Enjenyè – Agwonòm, Espesyalis nan Nitrisyon Animal, Pwofesè nan UEH Marc-Félix CIVIL, Doktè nan Medsin, Espesyalis nan Etik, Pwofesè nan UEH, Ernst Noël, Viwològ ak Pwofesè nan UEH Marilise Rouzier, Biyolojis ak Botanis.

Jiri a te gen pou misyon pou bay yon avi syantifik ak etik sou fòmil ak resèt ki te itilize yo osnon ki te mete anplas pou te presize pwopriyete yo ak evantyèl efè segondè plant yo ki antre nan konpozisyon resèt yo epi fe rekòmandasyon. Jiri sila te rive nan yon ti kras tan ak yon konklizyon ki entèresan ak ki rasire sou anpil pwen moun k ap defann epi fè pwomosyon resèt tradisyonèl yo nan itilizasyon kont Kovid19 la an Ayiti.

Daprè kèk ekstrè nan rapò sila, 72 % resèt tradisyonèl yo anrejistre nan itilizasyon ki fèt nan prevansyon ak lit pou kwape Kowonaviris nan peyi a. Genyen tou 70 % pwodui diferan resèt yo ak yon 60 espès plant yo, 5 pwodui orijin animal ak orijin mineral daprè rezime dokiman sila ki pibkik.

Nan sa ki gen pou wè ak pwodui yo plis itilize nan resèt yo :
1) Myèl ak jenjanm se pwodui ki plis itilize ak sitwon ak lalwa, jiwòf, lay, zonyon, kanèl ak amwaz.
2) Lòt pwodui yo itilize yo se miskad, ze, lèt, ekaliptis, asowosi, zoranj si, pèsi, safran, sitwonèl, bazilik, kawòt, kase sèk, absent, risen, bètrav, vèvenn, morenga ak pwa pyant.

Nan sa ki gen pou wè ak fanmi plant yo ki plis reprezante :
1) Asterase yo
2) Eforbyase yo
3) Lamyase yo
4) Ilyase yo

Sou mòd preparasyon resèt yo :
1) Dekoksyon (Bouyi)
2) Twanpe sou alkòl
3) Pasaj Engredyan yo nan mikse an ji
4) Enfizyon (Chode).

Sou mòd administrasyon resèt yo :
1) Nan bouch (Voie orale) (A priori)
2) Pafwa friksyon oswa beny (Parfois frictions ou bains)
3) Soufle nan nen sèten fwa.

Nan sa ki gen pou wè ak tan administrasyon remèd yo:
1) An mwayèn 5 ak 10 jou
2) Pou prevansyon yon fwa pa jou, pafwa 2 fwa pa jou
3) Deja atenn ak maladi a twa fwa pa jou.

Pataje
Pataje sou Facebook Pataje
Share
Pataje sou Twitter Pataje
Share
Pataje sou Linkedin Pataje
Share
Pataje sou Whatsapp Pataje
Share
Pataje sou Email Pataje
Share
Pataje sou Messenger Pataje
Share
admin

admin

Related Posts

“Anplis kowonaviris la genyen enfliyennza, fòk nou fè pridans” daprè Doktè William Pape
Blog

“Anplis kowonaviris la genyen enfliyennza, fòk nou fè pridans” daprè Doktè William Pape

3 September 2020
BID pral dekese yon rès 27 milyon dola pou gouvènman an bay repons ak Kovid-19
Blog

BID pral dekese yon rès 27 milyon dola pou gouvènman an bay repons ak Kovid-19

8 August 2020
Load More
Next Post
Gouvènman Ayisyen an pè pou pa gen yon nouvo vag Kowonaviris

Gouvènman Ayisyen an pè pou pa gen yon nouvo vag Kowonaviris

Kite yon repons Cancel reply

Kowonaviris an Ayiti

Coronavirus
Covid-19
Haiti World
+0 (24h)
0
Konfime
0
+0 (24h)
0
Mò
0
NAN%
0
Geri
0
NAN%
0
Aktif
+0 (24h)
0
Konfime
0
+0 (24h)
0
Mò
0
NAN%
0
Geri
0
NAN%
0
Aktif

Partenaire

Partenaire

Partenaire

© 2020 Enfo Sou Kowonaviris

No Result
View All Result
  • Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak

© 2020 Enfo Sou Kowonaviris

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Create New Account!

Fill the forms bellow to register

All fields are required. Log In

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
X
Subject:
Message:
Ajax loader
Ouvè diskisyon an!
Ou bezwen èd?
Powered by Joinchat
Bonjou, kòman nou ka ede w?
Pataje
Pataje sou Facebook Pataje
Share
Pataje sou Twitter Pataje
Share
Pataje sou Linkedin Pataje
Share
Pataje sou Whatsapp Pataje
Share
Pataje sou Email Pataje
Share
Pataje sou Messenger Pataje
Share