Potoprens, dimanch 31 me 2020._ Mwa me sa pat pote bon nouvèl menm an Ayiti pandan pasaj pandemi kowonaviris la, k ap layite kò l pi plis detanzantan. Men fen mwa sa pi mal, paske maladi a se galope l ap galope nan tout 10 depatman yo.
Ministè Sante Piblik te pibliye yon rapò pou jou dimanch 24 me a ki te fè konnen Ayiti depase limit 1000 moun ki trape maladi Covid-19 la. Selon rapò sa, te gen 1063 ka konfime nan tout peyi a, 1010 ka ki te aktif, 22 moun geri ak 31 moun ki te mouri nan dat sa.
Men nan nouvo rapò ki soti pou jou samdi 30 me a, nan espas 7 jou oubyen 168 èd tan, MSPP detekte 1061 nouvo. Pou sèl jou samdi sa, Ministè a dekouvri 259 nouvo ka, 2124 ki teste pozitif antou, pami yo 2056 ka ki aktif, 5244 moun yo ka sispèk, 44 moun gentan mouri pou dat sa, sèl 24 moun yo deklare ki geri.
Depatman Lwès la poukò l gen 1738 ka konfime, se nan depatman sa maladi a layite kò l pi plis. 6 komin ki gen plis moun ki gen Covid-19 la chita nan depatman sa. N ap pale de Dèlma ki gen 446 ka konfime, Pòtoprens gen 396, Petyonvil 347, Taba 169, Kafou 148 epi Kwadèboukè 111. (Sous rapo 30 me 2020).
Sa yo se chif ofisyèl, moun leta rive gen kontwòl yo. N ap raple depi kèk semèn, popilasyon an ap pale de yon « ti epidemi lafyèv », moun ki malad yo paka pran sant anyen, yo paka pran gou anyen. Pa bliye ke sentom sa yo sanble tèt koupe ak sentom kowonaviris, men moun yo derefize al kay lopital yo pè pou y opa di yo gen kowonavis.
Pou pwoteje tèt nou ak lòt moun:
– toujou mete mas (kachnen) lè w ap pran lari
– pa sòti san bezwen
– evite foul epi bay tout moun 3 a 5 pa distans
– Lave men w detanzantan ak dlo ak sazon
– Dezenfekte kay ou detanzantan
– Pa manyen je w, bouch ou ak nen w
– Depi w santi kèk nan sentom kowonaviris yo, al lopital
– Respekte tout konsiy otorite lasante yo
Foto: www.usnews.com