Gen kèk moun ki te finn geri nan kowonaviris men ki rive pran maladi sa ankò. Sa te rive yon granmoun gason ki gen 70 zan nan peyi Japon nan yon vil ki rele Tokyo, nan mwa fevriye ki sot pase a. Se yon dekouvèt ki te bay anpil kè sote.
Selon televizyon japonè NHK, granmoun sa te finn geri nèt epi li te kòmanse mennen yon vi nòmal. Men aprè kèk jou li te vinn santi l malad epi li vinn gen lafyèv. Lè l retounen nan lopital la doktè te wè l trape maladi a ankò.
Selon sa espesyalis Luis Enjuanes di nan medya BBC Afrique, omwen 14% moun ki te geri aprè yon tan lè yo reteste yo yo wè rezilta a pozitif ankò. Li kontinye pou l di moun sa yo pa repran maladi a men se kowonaviris la ki rebondi.
Luis Enjuanes kontinye pou l di: « Pou mwen defans kò moun yo fè travay la nan prezans kowonaviris la, men gen moun defans kò yo fèb. Lè defans lan ralanti, viris la kite kache nan kèk kwen nan kò a retounen »
Nap sinyale gen kèk viris ki ka rete kache nan kò a pandan 3 mwa oubyen pi plis tan. Syantifik yo ap eseye konprann kòman fè yon moun ki te gen Covid-19 ki te geri ka repran maladi sa nan yon ti tan tou kout.
Sous: https://www.bbc.com/afrique/monde-52051419