Tout moun kap itilize aplikasyon « Covtest » dwe konnen li pa yon tès medikal, ni yon egzamen ni yon dyagnostik menm jan yo konn fè l nan yon lopital oubyen yon sant sante. Zouti sa pa ka ranplase avi yon doktè oubyen yon espasyalis lasante.
Depi w santi w malad, pi bon desizyon an se al lopital. Nan sitiyasyon nap viv aktyèlman an, kote kowonaviris ap sakaje mond lan, depi w santi sentom Covid19 yo ou dwe izole tèt ou pa rapò ak lòt moun kap viv nan kay la epi rele Ministè Sante Piblik (MSPP) pou w konn sa w dwe fè.
Aplikasyon sa se yon pa ou fè avan wa l konsilte doktè w oubyen avan w antre an kontak ak MSPP. Tout itilite l se enfòme w!