Alòske kay vwazen an nan Repiblik Dominikèn, Kowonaviris la kontinye ap pran tèren epi nan eta Florid la tou kote ki gen anpil Ayisyen, konpatriyòt nou yo nan dyaspora a, gouvènman ayisyen an deside pa pwolonje Eta dijans sanitè a nan peyi Dayiti. Premye Minis Ayisyen an Joseph Jouthe anonse sa nan laprès nan lasware lendi 27 jiyè pase a pandan l estime pwopagasyon pandemi an plizoumwen sou kontwòl.
Depi nan dat 20 jiyè pase a, peyi Dayiti pat nan Eta dijans sanitè. « Nou ap sib pandan n ap monitore sitiyasyon an ansanm ak komite syantifik la ak komisyon ki regwoupe plizyè sektè ki te mete an plas pou fè prizanchaj maladi Kowonaviris la. N ap obsève evolisyon maladi a nan peyi a. Si nou dwe retounen nan Eta dijans sanitè, n ap fè sa. Men pou moman sa peyi a pa nan eta dijans sanitè ankò », se eskplikasyon chèf gouvènman ayisyen an Joseph Jouthe.
Yon lot bò, Chèf Primati a fè konnen pou moman sa gouvènman an yo pa kwè l nesesè pou pwolonje Eta dijans sanitè a. Nou pran mezi pou faktori yo fonksyone a 100 %, legliz yo rekòmanse fonksyone ak lekòl yo pral rekòmanse fonksyone, se pawòl PM Joseph Jouthe.
Malgre Eta dijans lan leve, Joseph Jouthe fè konnen gouvènman an ap toujou kenbe vijilans li. PM nan fè konnen y ap siveye chak jou sa k ap pase sou Fwontyè a ak nan Aryopò yo, jiskaprezan gouvènman an plizoumwen konfòtab ak enfòmasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ap kominike tanzantan yo fè yo rasire sou pwopagasyon Kowonaviris la nan peyi a.
Yon lòt kote, Chèf Primati a mande popilasyon an pa neglije jès baryè yo. Premye Minis lan fè konnen gouvènman l lan deja bay 19 milyon mas atravè peyi a. Premye Minis lan rapousib pou l di l pa swete wè yon nouvo vag maladi a nan peyi a jan sa ap fèt nan plizyè peyi nan Ewòp pou koulye a.
Sou kesyon pil moun k ap sikile san yo pa pote kachnen epi yon relachman nan respè jès baryè yo, Chèf Gouvènman ayisyen an anonse gen sansibilizasyon ki pral rapousib nan sans sa.
Toutfwa, Chèf Gouvènman ayisyen an pa an mezi di poukisa Covid-19 la fè kantite dega sa yo nan Repiblik Dominikèn oswa nan Florid epi epanye Ayiti, li sèlman fè kwè remèd tradisyonèl yo ta va veritab rezon an.
Si Eta dijans sanitè a leve, Joseph Jouthe fè konnen kouvrefe a toujou kenbe sòti minwi pou rive 4è nan maten. Yon ekip enspektè nan Sekretereri Deta ak Sekirite Piblik toujou sou tèren pou fè respekte kouvrefe a.
Sou Vwayajè ki sòti nan peyi yo ki gen gwo pwoblèm ak Kowonaviris la, peyi yo ki trè touche, Joseph Jouthe fè konnen desizyon pou louvri aryopò yo pa ogmante ka Kowonaviris la nan peyi a. Daprè PREMYE MINIS ayisyen an chak vwayajè ki rive nan epòt yo an Ayiti rive ak tès negatif Kowonaviris yo epitou aryopò yo toujou apseje epi netwaye regilyèman.
Nan kad yon adrès ak nasyon an nan dat 29 jen pase a, Prezidan Repiblik la te deklare peyi a louvri pou resevwa vizitè k ap sòti toupatou nan mond lan. Jovenel Moïse te otorize moun sikile libelibè ansanm ak machandiz pa mwayen latè oswa nan wout anlè. Toutfwa, Chèf Leta te fè konnen fòk gen prekosyon ki pran pou n evite pou nou tounen nan pandemi an nan peyi a.