Pòtoprens, samdi 6 jen 2020._ Chak jou moun ki enfekte nan Kowonaviris nan peyi Dayiti ap ogmante. Peyi a konte 2 924 ka moun teste pozitif, 50 moun mouri ak 24 moun geri nan dat 4 jen 2020. Selon tout chif Ministè Sante Piblik ap mete deyò yo, nou ka konstate fanm yo mwens touche pa maladi a pase gason yo.
Bilan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) nan dat 5 jen 2020 ki te revele 2 924 moun teste pozitif anba COVID-19 la. Nan nonb sa, nou jwenn 40.7 % fanm kont 59.3% gason.
Eka a se 18.6 % . Nan 2 924 ka moun ki kontamine ak Kowonaviris la, genyen 1 734 se gason ak 1 190 se fanm. Maladi a ap gaye kò l ak yon vitès ekstraòdinè. Nonb ka sispèk yo se 6 626 ak nan yon jounen 184 moun teste pozitif anba COVID-19 la.
Fas ak reyalite sa, swa ou se gason oubyen ou se fanm, respè jès baryè yo rete jodi-a esansyèl ak fondamantal tankou otorite sanitè yo toujou raple sa tanzantan.
Foto: Meri Pòtoprens