Pòtoprens, madi 5 me 2020._ Depi yè lendi an, Ministè Sante Piblik te sòti yon nòt pou l fè konnen gen 100 moun laboratwa Nasyonal la teste yo wè ki gen maladi Covid-19. Jodi madi a, MSPP sòti yon lòt nòt pou l anonse yo dekouvri yon nouvo ka ankò nan depatman lwès, sa ki fè antou 101 moun ofisyèlman ki gen kowonaviris an Ayiti.
Depatman lwès la poukò l gen 724 ka sispèk, 69 moun ki konfime ki gen maladi a epi 6 moun ki pati nan peyi san chapo (rapò 4 me 2020).
Ministè a anonse tou yon 12e moun ki mouri nan maladi Covid-19 la. Moun sa te sòti nan depatman latibonit, men otorite yo pa bay twòp detay sou laj li, si mò a te yon fi oubyen yon gason epi ti datay sou sentom yo jan l konn abitye fè l la.
Nan rapò Ministè Sante Piblik fè sòti pou dat 4 me 2020 a pou tout peyi a, li fè konnen gen 1,037 ka sispèk, 101 ka ki pozitif, 10 moun geri epi 12 moun mouri.
Nan 101 ka konfime yo, gen 48 moun ki te pran maladi a nan peyi etranje epi 53 lòt ki pran l nan peyi Dayiti.
Mezanmi kowonaviris pa yon jwèt, fòk nou pran pademi an oserye. Pa sòti san w pa gen ijans, si w nan nesesite pou w pran lari mete mas (kachnen). Swiv tout konsèy otorite yo, voye je sou timoun yo ak granmoun ki gen anpil laj yo.
Foto: Meri Pòtoprens