Nan yon nòt pou laprès Minnistè Sante Piblik sòti nan dat 9 avril 2020 an, li sinyale yon 2e moun ki ri mouri an Ayiti nan Kowonaviris nan jounen mèkredi 8 avril la. Viktim lan se te yon dam ki te gen 69 lane epi ki te deja sibi maladi tansyon avanl te trape Covid-19 la.
Dam sa a se youn pami 30 ka ki deja konfime nan peyi a jouk jounen jodi a.
Nap raple MSPP MSPP te sinyale premye ka lanmò nan kowonaviris jou dimanch kit e 5 avril la. Se te mesye ki te gen 55 lane epi ki te deja fè maladi sik ak tansyon avan l te trape maladi Covid-19 a.