• Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak
Saturday, January 28, 2023
Enfo sou Kowona
No Result
View All Result
  • Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak
  • Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak
No Result
View All Result
Enfo sou Kowona
No Result
View All Result

“Anplis kowonaviris la genyen enfliyennza, fòk nou fè pridans” daprè Doktè William Pape

“Anplis kowonaviris la genyen enfliyennza, fòk nou fè pridans” daprè Doktè William Pape

admin by admin
03/09/20
in Blog
130
0
“Anplis kowonaviris la genyen enfliyennza, fòk nou fè pridans” daprè Doktè William Pape

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) revele ka kowonaviris ki anrejistre yo fèb anpil depi fen mwa dawout pase a. Chak jou ki jou nonb ka moun ki kontaminen nan kowonaviris yo ap desann pou rive nan pi ba kantite nou pa janm konnen depi 5 mwa sitou dat 19 mas 2020 kote nou te gen 2 premye ka yo.

Doktè Jean William Pape ki t ap reponn keksyon kèk jounalis madi 25 dawout pase a di nou poko ka kriye viktwa nan zafè kowonaviris la. Chif kantite moun ki pran kowonaviris la k ap bese a tanzantan ka twonpe nou paske li reflete sèlman ka moun ki sispèk epi teste. Sa pral remoute ankò daprè previzyon Doktè Pape.

Doktè Pape k ap dirije ak Lauré Adrien Komisyon Jesyon Pandemi Kowonaviris la fè konnen anplis kowonaviris la gen grip ki rele enfliyennza a ki tanmen anrejistre an Ayiti.

«Anplis kowonaviris la gen enfliyennza. Nou anrejistre plizyè ka enfliyennza. Nou poko konnen kòman moun yo pral reyaji ak doub enfeksyon sila. Se moman pou nou pwoteje nou fòk nou pridan. Jès baryè yo itilize kont kowonaviris la kapab pwoteje nou kont grip enfliyennza a», pawòl Chèchè William Pape ki ensiste sou 2 nosyon sila yo pridans ak pwoteksyon nenpòt kòman.

Madi 25 dawout pase a Premye Minis Joseph Jouthe nan yon rankont atravè platfòm Zoom te chita pale ak aktè yo ki enplike nan jesyon pandemi kowonaviris la nan peyi a. Chèf gouvènman an te souliye nesesite ki pa ka tann ki genyen pou fè tout moun respekte jès barye yo.

« Nou gen anpil enkyetid paske moun yo nan popilasyon an pa respekte règ sanitè yo. Paske pandemi kowonaviris la pa gen gwo enpak sou Ayiti popilasyon an pa fè atansyon. Sa k ap retounen kont nou nan moman lekòl la relouvri pòt li depi kèk semenn lan », se sa Doktè William Pape presize pandan li di toutotan ipotèz pou gen yon dezyèm vag pa ekate fòk nan mezi nou kapab tout moun respekte mezi jès baryè yo. Pou koulye a, daprè sa doktè a ajoute, plizyè peyi nan kontinan ewopeyen an ap eksperimante yon dezyèm vag nan kowonaviris.

Pataje
Pataje sou Facebook Pataje
Share
Pataje sou Twitter Pataje
Share
Pataje sou Linkedin Pataje
Share
Pataje sou Whatsapp Pataje
Share
Pataje sou Email Pataje
Share
Pataje sou Messenger Pataje
Share
admin

admin

Related Posts

BID pral dekese yon rès 27 milyon dola pou gouvènman an bay repons ak Kovid-19
Blog

BID pral dekese yon rès 27 milyon dola pou gouvènman an bay repons ak Kovid-19

8 August 2020
Yon premye pasyan ki te gen gwo detrès ak Kowonaviris sòti vivan nan Lopital Mibalè a
Blog

Yon premye pasyan ki te gen gwo detrès ak Kowonaviris sòti vivan nan Lopital Mibalè a

7 August 2020
Load More
Next Post
Diskirminasyon ki gen rapò ak maladi #Kovid19

Diskirminasyon ki gen rapò ak maladi #Kovid19

Kite yon repons Cancel reply

Kowonaviris an Ayiti

Coronavirus
Covid-19
Haiti World
+0 (24h)
34,008
Konfime
0
+0 (24h)
860
Mò
0
96.99%
32,986
Geri
0
0.48%
162
Aktif
+123,928 (24h)
674,638,457
Konfime
0
+546 (24h)
6,757,356
Mò
0
95.87%
646,761,852
Geri
0
3.13%
21,119,249
Aktif

Partenaire

Partenaire

Partenaire

© 2020 Enfo Sou Kowonaviris

No Result
View All Result
  • Akèy
  • Tès kowona
  • Blòg
  • Kat Ayiti
  • Mond lan
  • Vidéo
  • Imaj
  • Kontak

© 2020 Enfo Sou Kowonaviris

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Create New Account!

Fill the forms bellow to register

All fields are required. Log In

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
X
Subject:
Message:
Ajax loader
Ouvè diskisyon an!
Ou bezwen èd?
Powered by Joinchat
Bonjou, kòman nou ka ede w?
Pataje
Pataje sou Facebook Pataje
Share
Pataje sou Twitter Pataje
Share
Pataje sou Linkedin Pataje
Share
Pataje sou Whatsapp Pataje
Share
Pataje sou Email Pataje
Share
Pataje sou Messenger Pataje
Share