37 nouvo ka konfime, yon (1) moun anplis geri nan peyi Dayiti nan dat 14 me 2020 an, daprè avi nimewo 45 Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ki soti 15 me 2020. Sa ki bay yon total: 310 ka konfime, 271 ka aktif, 19 moun geri ak 20 moun mouri.
Nan 310 ka konfime yo, gen 52 moun ki trape maladi a nan peyi letranje epi 258 moun trape maladi a nan peyi a (Ayiti).
MSPP fè konnen depi 19 mas pase a jou yo te dekouvri 2 premye ka konfime yo nan peyi a yo ak 1 699 ka sispèk, 310 ka konfime, 271 ka aktif, 19 moun ki geri epi 20 moun mouri. Se 57,7% gason epi 42,3% fanm ki viktim anba Covid-19 la jiskaprezan.
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon mande popilasyon an toujou lave men nou, ret lakay nou, si w gen ijans pou soti, toujou mete kachnen !