Nan avi #31 Ministè Sante Piblik fè sòti nan dat 30 avril 2020 an, li sinyale yon 8e ka lanmò nan kowonaviris an Ayiti.
Moun ki mouri a se yon mesye 68 lane ki sòti nan depatman nò. Li te santi gwo vant fè mal, tous sèch, lafyèv ak difikilte pou l respire. Tout sentom sa yo te vinn konplike maladi l la ki menm rive touye l.
Se premye ka ki teste pozitif nan depatman sa epi se premye moun ki vwayaje nan peyi san chapo tou.
Nap raple jiskaprezan, MPSS detekte 827 ka sispèk, 81 ka konfime, 65 ka atif, 8 moun geri epi 8 moun mouri.