REPRIZ aktivite yo nan lekol yo pou klotire epi valide ane akademik 2019-2020 ki fikse nan dat 10 ak 17 dawou kap vini la selon sa ministe edikasyon nasyonal ak fomasyon pwofesyonel deklare (MENFP). Nan kad pespektiv sa, responsab yo kominike jodi lendi 27 jiye 2020 an yon ansanm mezi ki vize limite pwopagasyon kowonaviris la nan lekol yo.Pwotokol sanite ak pedagojik yon zouti enpotan pou repriz sila yo te prezante l nan sant enfomasyon pemanant sou kowonaviris la (CIPC).
Selon moun ki tap prezante konferans sa yo kouwe Dr Érold Joseph ak Miloody Vincent ki respektivman se direkte eskole ak direkte kominikasyon nan MENFP, dokiman an se yon gid epi yon manyel pou fonksyonman etablisman eskole yo nan konteks kovid19 la.
Dokiman sa ki sou sis paj ki elabore sou demann minis edikasyon an Pierre Josué Agénor Cadet selon sa kad MENFP sa yo te presize nan konferans lan respekte nan mezi yo kapab rekomandasyon eklere selil syantifik jesyon kriz pandemi an.
Pwotokol sa presize modalite pratik fonkyonman etablisman eskole yo nan respe konsiy otorite sanite yo. Li destine ak pesonel direksyon yo nan lekol publik yo ak sa ki pa publik yo ak direksyon depatmantal edikasyon yo (DDE), ak Biwo enspeksyon lekol yo ak zon yo epi ansanm manb kominote edikativ la.
Daprè M. Miloody Vincent ki tap pale sou enpotans pwotokol la nan kad jefo MENFP ap fe pou relanse aktivite eskole yo mezi yo ki anvizaje dwe pran an kont konteks ki pwop ak chak lekol oswa chak etablisman.
Nan sa ki gen pou we dabo ak lanviwonman eskole pwotokol la fe konenn tout etablismnan eskole ki admet pou relouvri pot yo dwe gen gwo netwayaj ki fet ak klowoks sitou si yo ta reyalize gwo ransableman nan yon tan ki pa lwen osnon si yo twouve yo nan zon ki pi touche ak pandemi an.
Efektif klas yo dwe gen pou pi plus 25 oswa 30 moun maksimom ak distans fizik, aplikasyon jes barye yo tankou lave men pot kachnen. Rekreyasyon yo dwe fet an gwoup osnon an klas, transpo timoun lekol yo ak jesyon ka sispek yo epi prizanchaj medikal ak sikolojik se ansanm pwen fo pwotokol sila gen ladanl.
Nan lide repriz sila sevis enspeksyon nan ministe edikasyon nasyonal la ki la pou fe respekte konsiy sila yo ministe a mete deyo a ranfose.se ecidan selon sa Dr Erold Jospeh nan ministe a eksplike pandanl tap raple ak populasyon an maladi kowonaviris la toujou prezan. Kleb sante nan lekol yo ak patisipasyon elev yo koletktivite lokal yo ak paran yo ap gen pou jwen wol yo.
Ministe edikasyon nasyona MENFP kapab rive jiska sispann yon lekol fonksyone si konsiy ki vize pwoteje timoun yo ansanm ak pesonel edikatif la pa respekte selon sa responsab kominikasyon ministe a Miloody Vincent avanse pandanl mande enstans yo pwoteje lavi.
Foto: Unicef