Kowonaviris: kopòtman nou dwe genyen andedan lekòl yo
https://www.youtube.com/watch?v=EnPknPojeQs
Nouvo kowonaviris la se yon viris ki koze enfeksyon respiratwa. Covid-19 se yo maladi ke viris sa bay. Nan pifò ka yo, sentom li yo samble ak sentom yon ti grip byen senp. Men gen ka maladi a ka devlope konplikasyon grav sitou pou granmoun aje yo, moun ki te gentan genyen maladi dirab yo tankou tansyon, dyabèt, opresyon, tibèkiloz, maladi nan kè, nan ren, nan fwa, nan lestomak.
Men kèk nan sentom maladi Covid-19 la:
• Gen anpil nan malad yo ki gen dyare pandan plizyè jou, oubyen yo konstate poupou yo mou.
• Gen lòt malad se bouton ki dondon sou yo, menm jan ak lè moun gen aleji
• Kay timoun yo li pa vini sou fom tous, difikilte pou respire, po l ap gen ti tach wouj, li pa vle pran tete, lap endispoze
• Men gen moun menm apre 14 jou yo pa devlope okenn sentom, men yo kontinye ap enfekte lòt moun san yo pa konnen.
• Ret lakay ou, pa sòti san ijans!
• Si w gen ijans pou sòti, bay tout moun 3 pa distans epi mete kachnen (mas)
• Touse / estènen nan koud bra w
• Pa bay lamen, pa bay akolad, pa fè bizou
• Lave men w detanzantan, netwaye kay ou
https://www.youtube.com/watch?v=EnPknPojeQs
https://www.youtube.com/watch?v=-cj5kS9v2Wc
https://www.youtube.com/watch?v=ASkXY6mNhl8&t=6s
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) revele ka kowonaviris ki anrejistre yo fèb anpil depi fen mwa dawout pase a. Chak jou ki jou nonb ka moun ki kontaminen nan kowonaviris yo...
Nan kad repriz aktivite yo nan lekòl yo epi apiye nan sa ki anvizaje pou moun ki pi vilnerab nan katye sansib yo, jedi 20 dawout pase a, Minis Edikasyon Nasyonal ak...
Bank Entèrameriken Devlopman (BID) apwouve yon reyafektasyon 27 milyon dola nan kès li ki pat ko dekese, nan sa li genyen kòm kòb pou envesti pou koulye a nan peyi a apati...
Aprè 9 jou nan vantilasyon mekanik ak 29 jou ospitalizasyon, yon premye pasyan Kowonaviris sòti nan koma aprè yo te fin mete yon aparèy depi plizyè jou, li reyisi kite nan bèl...
Nan yon kominike ki parèt madi 4 dawout 2020 an, Gouvènman Ayisyen an fè konnen li pè yon dezyèm vag pandemi nouvo Kowonaviris la nan peyi a. Fas ak ris sila, madi...
Yon jiri ki sanble epi evalye remèd tradisyonèl yo kite itilize nan lide pou fè fas ak Kovid-19 la nan peyi a kanpe ak èd Konsèy Egzekitif Inivèsitè Leta Ayiti a. Jiri...
© 2020 Enfo Sou Kowonaviris